Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
TSK
TSK · Isaiah 47:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m'!
Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.