¶ Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
TSK
TSK · Isaiah 5:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.
Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.
Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.
Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere.
Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout.
¶ Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay yo. Koukou ak zagoudi pral fè nich yo nan mitan moso demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaou va rele nan papòt kay yo. Y'ap rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.