TSK

TSK · Isaiah 51:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.

Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.

Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!

¶ Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.

Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:

Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

¶ Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.

Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li.

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.

Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan.

¶ Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.