Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!
TSK
TSK · Isaiah 52:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p'ap mouri nan kacho. Y'a jwenn kont manje pou yo manje.
¶ Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Seyè a move anpil sou lavil Babilòn.
¶ Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a.
Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.