Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
TSK
TSK · Isaiah 54:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
¶ Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m' fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m' delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.
¶ Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.
Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.
Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.
Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.
¶ Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.
Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!