Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo.
TSK
TSK · Isaiah 59:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
¶ Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!
¶ Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!
Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.
¶ Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.
Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.
Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.
¶ Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.