TSK

TSK · Isaiah 63:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk.

Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!

Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!

paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,

Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.

Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.

Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou.

Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.