TSK

TSK · Isaiah 66:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.

Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.

Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.

Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.

¶ Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan.

Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.

¶ Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.

Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.