TSK

TSK · Isaiah 8:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, m' al kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di m' konsa: -W'a rele l': Prese piye, prese devalize.

-Se mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap pale avè ou. Ekri nan yon liv tou sa mwen te di ou.

-Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a.

Men repons Seyè a ban mwen. Li di m' konsa: -Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l' byen grave sou wòch plat pou moun ka li l' fasil.

Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a.