Piga nou touye moun.
TSK
TSK · James 2:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
Piga nou janm touye moun.
¶ Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo.
Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.
Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.