TSK

TSK · James 5:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.

Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.

Ekri l' paske se poko lè pou sa m' pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l' rive lè pou l' rive a.

¶ Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.

Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.

Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.

Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.

¶ Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.