TSK

TSK · Jeremiah 1:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.

Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.

Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.

Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.

mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Seyè a menm ki di sa.

¶ Yon lòt jou, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Li te gen avè l' tout lame pa l' la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li.

Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo.

Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.