Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
TSK
TSK · Jeremiah 10:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li.
¶ Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!
Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?
Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a.
Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?
Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.