Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
TSK
TSK · Jeremiah 19:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.
Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.
¶ Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?
Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l'. Y'ap mete dife, y'ap boule l'. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m' fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye.
Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.
¶ Men, Bondye vire do l' ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezè a?