TSK

TSK · Jeremiah 22:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.

¶ Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!

¶ Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!

Micah 1:2 TSK

Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.