¶ Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
TSK
TSK · Jeremiah 25:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
¶ Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:
Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan.
¶ Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.
¶ Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè.