Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.
TSK
TSK · Jeremiah 26:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Jeremiah 1:3
TSK
Apre sa, Seyè a pale avè l' ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.
Jeremiah 27:1
TSK
¶ Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fèk moute wa nan peyi Jida, lè Seyè a pale ak Jeremi ankò.
Jeremiah 36:1
TSK
¶ Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Seyè a te di Jeremi: