Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
TSK
TSK · Jeremiah 29:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Seyè a.
¶ Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.
M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.