TSK

TSK · Jeremiah 29:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte.

Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!

Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.