TSK

TSK · Jeremiah 29:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.

Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.

Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.

Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.

Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an.

Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.

¶ Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa.