TSK

TSK · Jeremiah 31:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.

Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.

Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.

¶ Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.

Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.

Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.

Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.

¶ Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.