TSK

TSK · Jeremiah 31:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men sa li di pou branch fanmi Neftali a: Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a.

Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!

Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.

M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.

Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.

Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

¶ Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.

Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.

Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.

M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.

Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.

Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a.