Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.
TSK
TSK · Jeremiah 31:40
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.
Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.
Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè.
Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.
W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.
Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt.
Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Tout miray la nèt va mezire dimil katreven mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!
Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.
¶ Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.