TSK

TSK · Jeremiah 32:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la.

Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo.

Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn.

¶ Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja.