TSK

TSK · Jeremiah 32:36

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.

Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'.

Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m'ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nèbikadneza, wa yo a! Y'ap pran lavil la.

¶ Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.

Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.