Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
TSK
TSK · Jeremiah 33:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
¶ Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.
M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
¶ Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.
Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
¶ Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti.
Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.
Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.
¶ Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye tapral fè nou.