tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo.
TSK
TSK · Jeremiah 34:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas.
Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!
¶ Lè sa a, wa Nèbikadneza tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Danyèl, epi li bay lòd pou yo fè ofrann bèt pou touye ak lòt ofrann ba li.