TSK

TSK · Jeremiah 36:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.

¶ Seyè a te bay Jeremi yon mesaj sou pèp peyi Jida a, nan katriyèm lanne rèy wa Jojakim, pitit Jozyas, nan peyi Jida. Lè sa a, Nèbikadneza te nan premye lanne li depi li te wa peyi Babilòn.

¶ Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa: