TSK

TSK · Jeremiah 38:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Eli mande l': -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m' anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m' anyen nan sa li di ou la.

Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.

Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.

¶ Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.

yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye.