Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
TSK
TSK · Jeremiah 4:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
¶ Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.
Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun.
Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.
M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.
Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.
Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.