TSK

TSK · Jeremiah 42:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

¶ Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo.

Jeremi di yo ankò: -Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a!

M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo.

Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Men, sa m' te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m' yo, pou zansèt nou yo, èske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin règrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te soti pou m' fè l' la.