TSK

TSK · Jeremiah 49:27

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.

Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan.

Amos 1:3 TSK

¶ Seyè a di konsa: Moun peyi Damas yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo maltrete moun peyi Galarad yo. Yo krabinen yo anba kout baton fè.