Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
TSK
TSK · Jeremiah 51:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.
¶ Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.
Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.
Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a.
Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!
Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.
Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?
Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.