TSK

TSK · Jeremiah 52:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.

Apre sa, Seyè a pale avè l' ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.

Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.

Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.

¶ Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou li al touye nèg save yo. Li pran san li pou l' pale byen avè l'.

-Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.