TSK

TSK · Jeremiah 52:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l' nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a.

Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.

¶ Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.

¶ Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.