TSK

TSK · Jeremiah 52:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.

¶ Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.

Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.

Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.

Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.

Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.

Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou.

¶ Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.