Lè sa a Seyè a fè m' konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.
TSK
TSK · Jeremiah 6:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.
¶ Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.
Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?
Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè.
Seyè a di konsa: -Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle, y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l'. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.
Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.