TSK

TSK · Jeremiah 6:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.

Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.

Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.

Chak fwa pou m' pale se rele pou m' rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesaj ou, y'ap fè m' wont, y'ap pase m' nan betiz.

Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa.

¶ Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.

W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo.

Micah 2:1 TSK

¶ Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.

Micah 3:1 TSK

¶ M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?

Micah 7:2 TSK

Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.

Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.