TSK

TSK · Jeremiah 7:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.

¶ Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.

Chak lanne, Elkana soti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l' al fè sèvis pou Seyè ki gen tout pou vwa a, pou l' touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Seyè a lavil Silo.

¶ Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.

Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.