TSK

TSK · Jeremiah 7:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo.

Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.

Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.

Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.

Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye.

¶ Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò

Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.

Mwen pral fè l' sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l' yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo.

Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.