TSK

TSK · Jeremiah 7:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.

Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.

¶ Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje,

Mwen menm Seyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.

Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye.