¶ Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
TSK
TSK · Job 1:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.
Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.
Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:
Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
Li te gen sètmil mouton, twamil chamo, mil tèt bèf, senksan fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.
Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.
Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!
Li bat tout tè a, li wete tout wòch ladan l'. Li plante pi bon kalite pye rezen ladan l'. Apre sa, li bati yon ti kay tou won nan mitan jaden an pou veye l'. Li fè yon basen pou kraze rezen yo. Li te kwè jaden an tapral ba li bon rezen. Men, se vye rezen si ase li bay.
Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.
Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.