TSK

TSK · Job 11:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a.

Se konsa rèy Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinaj yo viv byen avè l'.

Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.

Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.

Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont.