TSK

TSK · Job 13:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 4:12 TSK

¶ Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di.

Job 5:27 TSK

Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.

Job 12:9 TSK

Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.

Job 42:3 TSK

Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.

Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.