TSK

TSK · Job 14:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd.

¶ Manman ou te tankou yon pye rezen plante bò kannal dlo. Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil paske li te jwenn kont dlo li.

Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k'ap pwofite lèt rasin k'ap nouri pye oliv kay la.