TSK

TSK · Job 18:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.

¶ Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?

Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.

¶ Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.

Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.