¶ Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
TSK
TSK · Job 2:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'.
Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò.
Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.
Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a.
Malgre tout malè sa yo ki te rive l', Jòb pa t' fè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t' dwe di sou Bondye.
Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.
Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?
Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.
Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.