TSK

TSK · Job 20:28

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.

Job 20:10 TSK

¶ Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.

Job 21:30 TSK

Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!

Job 31:12 TSK

Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.

Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

James 5:1 TSK

¶ Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.