Le sa a, Natan di David: -Nonm sa a, se ou menm! Men mesaj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil.
TSK
TSK · Job 21:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè.
Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò.
¶ Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon.