Job 9:23
TSK
Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
¶ Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
¶ Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!
¶ Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
¶ Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.